Joel Janéus : Batay ant gang sangwen okazyone plis pase 50 moun mouri nan Site Solèy

2,211

07-11-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Elas! Bwà a mare depi vandredi pou rive jounen jodi lendi 11 jiyè 2022 a, batay san mèsi ant plizyè group gang ap fè raj anndan komin Site Solèy, daprè ajan egzetif enterimè a, Joel Janéus.

“Genyen moun ki mouri nan plizyè kan, patikilyèman nan mitan popilasyon sivil la”, daprè Janéus ki tap evoke yon bilan ki ta plis depase 50 mò san konte plizyè santèn blese. Li lonje dwèt jouda sou gouvènman koupyon Ariel Henry a ki chwàzi fèmen je’l sou kri dezespere ak agoni popilasyon an ki kidnape patikilyèman nan Site Solèy.

Se konsa, Joel Janéus anonse ke genyen ti bràs kap fèt pou Konsèy Minisipal la reyini pou panche sou dènye sitiyasyon dramatik yo kap devlope depi plizyè jou nan Site Solèy.

Comments are closed.