Fleurissaint Yvenet anba kòd lapolis sou akizasyon zam ilegal nan komin Jan Rabèl

1,380

07-09-2022

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan komin Jan Rabèl arive mete anba kòd Fleurissant Yvenet pou posesyon zam illegal jodi vandredi 8 jiyè 2022 a vè 4 è nan apremidi nan lokalite Fon Mòkèt, komin Jan Rabèl.

Si nou ta vle kwè yon temwen okilè, yo jwen nan men Fleurissant ki se yon bòs mason yon zam dezagreman, kalib 9 mm RAK, model ZORAKI 4918-T nan moman yon patrouy lapolis tap fè legetè.

Antouka, prezime koupab la trouve nan gadavi pou swit legal yo.


Comments are closed.