Ensekirite ap fè pale de li nan Kriswà : manman yon ansyèn minis sante kidnape

2,473

07-08-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ensekirite ap fè pale de li nan Kriswà, Marie Greta Roy Latayade ki se manman ansyèn minis sante piblik ak popilasyon a, Marie Greta Roy Clément kidnape maten vandredi 8 jiyè 2022 a anba presyon ak entimidasyon yon group nèg ame ki pa idantifyàb.

Madam Latayade ki ap dirije yon koral nan Legliz Kriswà, te kidnape nan moman li tap pran wout pou lamès. Anpil òganizasyon dwà moun ak sant rechèch pa sispan lanse kri detrès ak tribilasyon fas ak monte vètijinez zak kidnapping yo ki ta sanble plase Ayiti antèt sou planèt la nan zafè anlèvman. Sa ki pirèd, popilasyon genyen anfas li yon gouvènman ak yon kò polis ki genyen anpil antite kap ransone popilasyon an.

Pou sitiyasyon Madam Latayade la, jiska prezan ta sanble pa genyen oken nòt ki fè eta ki kantite kòb ke bandi sangwen yo egzije.

Comments are closed.