Nijerya: Plis pase 50 moun disparèt nan yon gwo explozyon tiyo gaz nan Nembe

0 276

03-02-2019

NIJERYA__ Triboland.com) Plis pase senkant moun disparèt aprè ke yon tiyo gaz ki koule ta exploze e koze yon van panic nan zònn Sid peyi Nijerya, daprè sa yon sous ofisyèl ta rapòte jodi Samdi-a.

Explozyon douvan jou maten ayè Vandrdi a koze yon pakèt gwo dega ak eklatman anpil gaspiyaj lwil ki inonde prèske wayòm Nembe ki localize nan eta Bayelsa.

Linn tiyo gas Nembe a li opera par gwoup Aiteo nan vil Port Harcourt. An jeneral, se pa premye fwa peyi Nijerya subi jan aksidan fatal sa yo. Konpayi lwil andan peyi a asosye katastwòf sa yo a yon seri sabotaj e vòl gaz ilegal ki toujou ap pwan jarèt nan dives stasyon pi gaz yo.

Plizyè santènn moun mouri nan plizyè gwo aksidan mòtèl atrave Kontinan Afrik la; lanmò sa yo toujou alabaz tiyo gaz ki koule, epi ki okazyone anpil moun afè pa bon oblije al riske vi yo nan ramase gaz tiyo pou suviv.

Leave A Reply