Gwo chèf gang notwà, “Canal du vent” tonbe anba bal bandi enkoni nan Latibonit

476

06/10/2021

Dedin_____(TRiboLAND) Yo konnen li sou non “Canal du vent”, men bonjan non li se Alexandre Pierre Paul ta sanble jwen lanmò li aswè jedi 10 jwen 2021 an nan Dedin, depatman Latibonit.

Enfòmasyon yo fè eta de yon gwoup bandi ki pa idantifyàb e ame jous nan dan ki tap sikile nan yon machin arive atake advèsè yo, “Canal du vent” sou pwòp teren lakay li. Konsa, yo krible Canal ak plizyè bal nan tèt alòske yon ti gason arive mouri egalman pandan atak la ki te san zatann, dapwè yon sous medyatik.

Nap raple, pakou chèf gang “Canal du vent” chaje ak akizasyon tout kalite; yo akize li kòm responsab plizyè krim. Li te rekonèt kòm youn nan chèf gang toupwisan ki te enpoze li fas ak yon lòt gwoup gang ki pat sispan mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan depatman Latibonit.

Canal enplike nan touye plizyè bèf peyizan yo nan Dedin kote ke li te enpoze li e poze anpil gwo zak abitrè kont yon seri sitwayen ak gang parèy li.

Comments are closed.