Operasyon PNH nan Titanyen : 3 moun jwen liberasyon, yon bandi kidnapè gravman blese e plizyè telefòn pòtab sezi

433

06/16/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon ajan Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) mennen madi 15 jwen 2021 an nan Titanyen, bandi Michel Jean ki te pami yon ekip bandi sangwen arive blese grav e pran minòt lapolis aprè echanj gwo kout zàm ak fòs lòd yo ki tap fè bwàs pou pwosede ak liberasyon plizyè moun ki te kidnape.

Yon parèy operasyon, selon otorite yo, fasilite liberasyon viktim Ketlie Désulmé, 56 lane ak Jesula Macénat, 60 lane ansanm avèk pitit gason li, 18 lane ki te anba men sangwen yo. Ajoute ak sa, ajan espesyàlize yo arive sezi senk telefòn pòtab.

Nap raple, Ketlie te kidnape nan zòn Akayè alòske Jesula ak tou pitit gason li te kidnape nan komin Kabarè 8 jwen dènye.

Comments are closed.