Komès zam nan Nòdwès enplike yon seri komèsan, jij, politisyen, avoka ak ansyen polisye kap founi gro otorite ak kò gang lòt depatman

2,295

07-03-2022

Otorite Ladwann nan vil Pòdpè melanje ak Lajistis e PNH la anonse yo sezi nan dwan lan 34 bwat bal. Daprè otorite chak bal genyen ladan li 54,000 grenn bal. An nou fè yon kalkil 34 bwat bal, chak bwat genyen 54,000 ladan li 34 x 54,000 sa fè antou 1 milyon 836 mil bal (1,836,000).

An nou di yo vann yon grenn bal pou $1 dola Ameriken sa fè plis pase yon milyon dola. Nèg yo pote zam nan katye popilè yo, epi yo vann yo bal kredi ou lajan kontan.

Koulye a nèg yo al fè kidnapping pou jwenn kòb pou yo achte bal, okipe tèt yo, ak pil ak pakèt fanm ke yo genyen, san konte lòt jèn yo anboche. Lè yo fè yon gwo kou, kamyon manje oubyen lajan yo distribiye nan zòn pou pwoteje tèt yo. Yo di yap fè sosyal! Genyen ki kontan lè kou yo fèt paske li bon pou yo; genyen kategori tou ki oblije antre ladan li paske nèg yo ka menase vi lòt moun ki pa danse kole ak zak malonèt. Yo ka tire w e yap konsidere w kòm toutè; sa vle di si ou pa avè yo ou kont yo.

Se yon veritab endistri ki genyen ladan li gwo komèsan, gwo politisyen, jij, avoka ak polisye malonèt.
Nan yon peyi ki pa gen travay e sa kap travay ki pa viv de sa yap touche; lap difisil anpil pou chanje jèn sa yo ki pran wout fasil sa a.

Nou pa wè se yon nouvo kòmès nèg yo devlope pou vin pi rich ak konplisite gran pwisans yo. Kidnapping lan fè klas mwayèn vini pi pòv nan jwen lajan pou mete fanmi yo deyò. Klas travayè vin kat fwa pi pòv. Youn nan rezilta grav koze sa. tout moun ap kouri kite peyi a. E ki sa kominote entènasyonal la vle menm? Lè Ayiti fini tounen yon dezè (tout moun pati ou mouri) ya vini pran tout richès li genyen anba tè li yo pou pri piyay. Koulya ou konprann poukisa nou paka genyen bon lidè, moun ki renmen peyi yo, moun ki vle byen pou pitit peyi a.

Patrick Multidor
Ekonomis
@pmultidor
pmultidor@gmail.com


Comments are closed.