Kòdonatè Asèk 2ème seksyon kominal Tigwav, Jean Claude Baptiste mande enstalasyon ansyen senatè eli Guy Philippe nan Palè Nasyonal prese-prese.

917

04 – 22 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Entalasyon ansyen senatè Guy Philippe nan palè nasyonal prese-prese, se sa majorite popilasyon an reklame, yo vle se Guy ki pou dirije yo, antouka, se deklarasyon ansyen kòdonatè Asèk 2èm seksyon kominal Tigwav la, Jean Claude Baptiste, nan kad yon interview li akòde ak laprès dimanch 21 avril 2024 la, pandan pasaj li nan vil la.

Pou ansyen lidè 2ème seksyon an, majorite popilasyon an, chwazi Guy Philippe, se paske yo kwè nan diskou li pote pou pèp ayisyen an. Militan politik la pa gen mo pou kritike yon ti minorite zwit nan fanmi lavalas li di, ki repwoche ansyen senatè Guy, akòz li te patisipe nan koudeta kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristid nan lane 2004 pase a.

Mete sou sa, yo repwoche li akoz li kondane pou dròg ak blanchiman lajan, pandan l kwè majorite moun ki pase nan pouvwa a, soti nan ansyen prezidan preval rive sou premye minis defakto Ariel Henry, ki trè kritik kont lidè FRN nan, yo pi pa pwòp, yo pi kriminèl, yo pi ensousyan, pi kòwonpi elatriye…ke Guy Philippe.

Yon lòt bò, kòdonatè Asèk la, Jean Claude Baptiste pa mete dlo nan bouch li, pou l kritike sekretè jeneral pati pitit Desalin nan Moïse Jean Charles li di, ki trayi batay pèp ayisyen an, lè li chwazi kite Guy pou l al patisipe nan konsèy 7 tèt “KARIKÒM NAN ” li mande popilasyon an, pou l pran nòt epi pou prepare yon repons pou lèdè grenn senk Pitit Desalin nan, nan pwochèn eleksyon kap genyen pou òganize andan peyi Dayiti.

Comments are closed.