Pòdpè / Kidnapping : yon demwazèl 14 lane kidnape nan Mòn Konyak, Lakoup

2,389

05-30-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Odena Dayens Flore Aminedada ki genyen 14 lane, kidnape yè dimanch 29 me 2022 lan nan zòn Lakoup pou ale Ri Andral. Prezime kidnapè yo te al sere viktim nan nan yon kay Mòn Konyak.

Paran demwazèl la ki pat fè bwi ak sa, te prefere anonse sa ak Jij titilè a.i Tribinal Pòdpè a, Jij Paul Blanc. Gras ak vijilans Jij la, ak konplisite ajan UDMO yo, yo te rive mete antèn sou zòn nan selon enfòmasyon ke yo te jwen byen detaye sou sispèk kidnapè yo.

Se konsa, jodi lendi a 30 me 2022, vè 5è nan aprèmidi, yon operasyon te tanmen ant Ri Andral ak Mòn Konyak. Plizyè sispèk te jwen arestasyon yo eajan yo tap miltipliye efò jiskaske yo te tonbe sou kay kote yo te sere Flore a.

Daprè deklarasyon Flore, parapò ak moun li te wè yo, 3 prezime kidnapè arive mare kon krab: Delva Rony 35 lane, Eugène Vania 35 lane ak François Marc-Nazaire 25 lane jwen arestasyon yo.

Comments are closed.