Asosyasyon Sendika Chofè Transpò yo nan Nòdwès revandike mouvman grèv la e pwomèt yap envesti lari.

1,183

09-21-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Marcel Similien, St-Preux Rochenel ak Joseph Batiel respektivman, prezidan, sekretè, trezorye Asosyasyon Sendika Chofè Transpò yo nan Nòdwès peyi Dayiti, revandike yon gro mouvman grèv e pwomèt yap envesti lari a si tout fwa pri gaz la pa desann nan ponp esans yo, jan sa te ye avan, e se menm fason yo te konn jwenn li an.

Marcel Similien, Prezidan

Plede anfavè transpòtè yo, Marcel Similien bò kote pal fè konnen, yo òganize yo byen òganize yon mannyè pou vwayajè yo ka byen vwayaje e byen transpòte.

Sekretè asosyasyon an yon lòt bò, pat mete dlo nan bouch li pou’l te montre fristrasyon l, kote li fè konnen tout otan yo pa jwenn gaz la nan pri nòmal li, yo fenk kòmanse bloke lari a.

Pou trezorye Batiel, yon galon gaz ap vann 1000-1500 dola, sa ki lakòz majorite machin yo deja remize yo akòz gaz la ki pa disponib ditou.

Comments are closed.