Nòdwès/Konfiskasyon : Divès lo minisyon ak kèk zam sezi abò yon Bato nan Pòdpè.

1,611

07-01-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Aktivitè zam pa sispann ap miltipliye nan Nòdwès, patikilyèman nan vil Pòdpè ki sèvi gang gro palto yo depo ou pasaj pou kanalize zam ak minisyon bay bandi yo atravè depatman an ak anpil lòt depatman.

Lapolis ak Lajistis nan tèt kole ak popilasyon an rive sezi divès bwat zam ak minisyon abò yon Bato ki pote non “Mis Lili”. Operasyon tranble janm nan fè apremidi vandredi premye jiyè 2022 a nan yon depo toupre waf la.

Swit ak konfiskasyon bwat sila yo, lapolis ak lajistis pase lòd fòmèlman pou kanpe sou tout aktivite debakman ak anbakasyon kap fèt sou waf Pòdpè a. Konsa, batiman sa ki te enplike deja nan yon dosye transpòte zam ke la jistis pat janm klarifye, jwen lòd pou yo pa debake swit ak operasyon an.

Operasyon te arive pouswiv egalman lakay kèk lòt annafè, kote ke yo konfiske anviwon 2 9mmm ak yon 38, 3,30 chajè AK 47, 3800 dola blan meriken, 48,000 goud ak yon endividi ki jwenn arestasyon li. Sepandan, minisyon yo te fè kenken nan depo a. Te genyen 74 bwat katouch ki genyen 556 jiska 500 unité anndan yo.

Komès ak eskandal zam tounen fè dive anndan depatman an; kote ke genyen gro zwazo nan vil pòdpè kap destabilize rejyon an ki vinn yon fwaye aprovizyonnman pou bandi gang kòl nan kou yo. Batiman sa pa nouvo nan yon parèy aktivite; sepandan , ta sanble li nan yon premye fwa li te toujou jwen benediksyon ak grate menm yon seri otorite lokal ki lage bay.

Deblozaj zam parèy te pete nan mitan popilasyon Nòdwezyèn deja, kote jiska prezan pa janm gen moun ki konnen, kisa zam sa yo devni?

Comments are closed.