Wagler Luc, 25 lane, anfwajele yon tifi 3 lane nan komin Dam Mari

980

01 – 22 – 2024

Dam Mari, Ayiti____(TRiboLAND) Wagler Luc, yon jènn gason 25 lane, vyole yon fiyèt 3 lane nan komin Dam Mari, zòn nan Bouchi

Enfomasyon, ki konfime bòkote jij depè komin Dam Mari an, Milien Paulin, ki deja apweande Wagler Luc, e defere li an eta bay otorite jistis yo nan vil Jeremi, pou swit legal ak nesesè.

Selon majistra Milien Paulin, fas ak gravite ka viktim lan, bebe 3 lane a, li otorize paran tinosan an pran wout lopital ak li, pou fè yon entèvansyon chirijikal, yon fason pou te pèmèt timoun 3 lane a irine.

Nan kad krim sa a, jij depè Milien Paulin apwann nou ke li arete madam bouwo, vyolè Wagler Luc, kòm konplis ,ki tap tape ti chouchounn fyèt 3 lane an ak dlo sèl, aprè mari li, Wagler Luc te finn komèt aksyon kriminèl sila. ‎

Comments are closed.