Operasyon tranble janm nan Taba 49: anpil ekipman sezi san arestasyon

2,223

07-01-2022

 Taba, Pòtoprens_____TRiboLAND) 2 fuzi daso, yon pistolè kalbi 9 mm, 3 machin yon motosiklèt ak yon latriye minisyon sezi: se bilan yon operasyon jarèt tranble ke fòs lòd yo fè jodi vandredi 1 jiyè 2022 a nan Taba 49.

Operasyon sa ki te genyen nan tèt li ajan Inite SWAT, daprè sa moun kapab li sou paj Facebook PNH la. Youn nan machin ki arive konfiske yo se machin kote yo te jwen Komisè Plaisimond Robert te asasine an. Anplis, fòs lòd yo jwen lòt materyèl tankou paspò egalman.

Malerezman, kout sènay sa pa pote fwyi antèm arestasyon. Nan moman operasyon an, bandi sangwen yo te gentan pran lyann pou yo.

Comments are closed.