Pati Rasin Kan Pèp la nan depatman Nòdwès avèk plisyè kouch moun nan popilasyon an, manifeste jounen jedi 11 out 2022 a.

2,112

08-12-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pati RASIN Kan Pèp la nan vil Pòdpè avèk divès louch moun nan popilasyon an denonse akonpòtman pouvwa kriminèl PHTK a, ki gen nan tèt li Ariel Henry, kote plizyè santèn moun manifeste jodi a nan vil Pòdpè .

Manifestan yo kwè se asasen yo pou pouvwa kriminèl PHTK a mare se pa fè wont sèvi kolè pou vin mete popilasyon an nan soufrans, alòske majorite sitwayen nan depatman Nòdwès la viv sou djaspora. Zam ak katouch kap rantre Pòdpè a se menm pouvwa kriminèl PHTK a ki mèt yo. Pati Rasin Kan Pèp la ak divès manm nan popilasyon an òganize mach sila, nan lide pou bay yon mizangad ak Ariel Henry e alye, SDP, Fusion , Inite ….

Rasin kanpèp la nan rejyon nòdwès la, kwè youn nan altènativ moman an se yon soulèvman popilè ki pou kwape bann asasen, kriminèl, gang pouvwa PHTK a pou kapab tabli tranzisyon koupe fache a nan yon pèspèktiv jete baz yon lidèchip kolektif pou n rive tabli jistis sosyal.


Comments are closed.