Venezwela: Ratman elektrisite fòse gouvènman Maduro a kanpe travay ak lekòl pou 24 èd tan

0 345

03-26-2019

KARAKAS__(triboland) Gouvènman peyi Venezwela a kanpe jodi Madi a travay ak lekòl yon manyè pouf è fas kare ak nouvo pwoblèm ratman global elektrisite ki afèkte depi lavèy yon bon pati nan peyi-a.

Gouvènman Maduro a oblije sispann pou 24 èd tan travay ak lekòl nan tout kwen peyi-a, selon yon kominike Minis Kominikasyon an, Jorge Rodriguez, atravè sèvis près prezidan an.

Nan capital la Karakas, preske tout laru vid. Se de ou twa bis kap sikile, magazen yo ak estasyon metwo yo te fèmen. Daprè plizyè repòtè, gwo blokis ki tap vale terren ayè Lindi-a nan apwemidi, afèkte apepwè 21 Eta sou 23 Eta peyi-a, dapwè plizyè rezo sosyàl ki dekri eta kritik sitiyasyon an.

Leave A Reply