4 desanm 1992 – 4 desanm 2020, 28 lane depi lise “la dekouvèt” ap desèvi popilasyon mòlwaz la nan zafè ansèyman aprantisaj

247

12\05\20

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) 4 desanm 1492 – 4 desanm 2020, sa fè 28 lane depi lise “la dekouvèt” ap desèvi popilasyon mòlwaz la nan zafè ansèyman ak aprantisaj. Konstwi nan dat sila, nan memwa evènman istorik debakman Msye Kristòf Kolon sou tèritwa mòlwaz la, 4 desanm 1492.

Nan okazyon sa, liseyen ak liseyèn yo pat rete inaktif; yo te mete sou pye yon krèy aktivite tout kalite nan dat 4 desann sila tankou: cho dans, chanpyona foutbòl, chan tout kalte, yon mannyè pou mete aksan sou enpòtans dat sila.

Konsa, yon gwo seremoni te dewoule maten 5 desanm 2020 an yon mannyè pou selebre fèt la dekouvèt la nan komin Mòl Sen Nikola. N ap soulinye pou ou, seremoni sa a te jwenn selebrasyon li, bò kote reveran Pè Léonvil Canoius, kire pawas Mòl Sen Nikola.

Levasseur Renold, ki se Alatèt lise “la dekouvèt” la, te profite founi bonjan esplikasyon sou orijin lise a, e soulinye nesesite ki te genyen nan dat sa a, pou te fonde yon lise ki te kapab reponn ak egzijans milye a lòske yon seri elèv ki te finn desann 6 zyèm ane pat ka jwenn lekòl pou resevwa yo.

Yon lòt bò li felisite ak remèsye ansyen senatè Luc Flerinord dèske se sou demand li, nan pasaj vizit ansyen minis Max Carré, kote yo ta pral benefisye lise saa, nan dat 4 desanm 1992 e ki ta pral batize sou non Lise “la dekouvèt.”

Fonksyone an 2 tan, dapwè deklarasyon direktè Levasseur, etidyan sòti tout kote tankou: Bonbardopolis, Kòt Defè, Marouj e latriye pou pran sèvis lise a.

Konsa, direktè a mande ak ministè edikasyon nasyonal, paran ak pwofesè yo bon jan èd ak kolaborasyon, yon mannyè pou lise lap dirije a, toujou eksele nan sèvis l ap ofri popilasyon mòlwaz la.

Li enpòtan pou konnen, moun mòl fete la dekouvèt 5 desanm e yo selebre sen patwon yo ki se Sen Nikola 6 desanm.

Gensonhyppolite8@gmail.com, Triboland

Comments are closed.