Gouvènman Ariel Henry a dekese plis pase 12 milyon dola pou materyèl ak ekipman sekirite

166
0
Share:
TRiboLAND

06-26-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Gouvènman Ariel Henry a finalman jwenn benediksyon pou fè akizisyon yon chay materyèl ak ekipman militè (cha, blende, M50, tank ak minisyon) ki estime a plis pase 12 milyon dola blan meriken, daprè GPPC, Scoop FM 107.7

Se konsa, kontra acha a sinye ak yon founisè nan peyi Kanada ki te resevwa “vizit verifikasyon” plizyè ekspè ayisyen nan “konesans zam”. Enfòmasyon Scoop Fm la rapouswiv pou di ke sous li revele ke se yon kontra ki arive fèt san entèmedyè ki pa egzije mètdam ak kroutay komisyon sou acha a; kontrèman ak pratik delwayàl yon seri chèf primati sou Michel Martelly ak  Jovenel Moise.

Materyèl ak ekipman sa yo ki ta sanble ap delivre bay peyi a nan 10 jou, genyen yon kouvèti asirans antretyen regilye ak pyès derechanj sou tèt yo; yon pratik ke moun pa wè fasil lakay otorite ayisyèn yo nan kad pran bonjan swen sa leta posede.

Share:

Leave a reply