Pòdpè/seremoni Gradyasyon: Catchy’s Professional School gradye anviwon 50 aprenan.

2,192

06-19-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Anviwon 50 resipyandè gradye nan divès domèn epi resevwa yon diplòm nan Lekòl Cathy’s professional School jounen dimanch 19 jwen 2022 a.

Catchy’s Professional School deside jounen dimanch 19 jwen 2022 an, deside òganize seremoni gradyasyon pwomosyon Dominique Ropion an nan legliz Bon Berger ki twouvel sou Boulva Jovenel Moïse la nan site Kapwa Lamò a. Nan omeli sikonstans lan, anviwon 50 diplòm pou plis pase 120 pwodui endistriyèl delivre ak pou plizyè jèn fanm ak jèn gason.

Parenn pwomosyon an, Mèt Ilrick Augustave nan diskoul li, pwomèt yon sensè kolaborasyon ak fiyèl li yo swa, ede yo jwenn lajan pou kòmanse kreye antrepriz pa yo, swa pou chèche esponsò pou ede yo.

Direktè jeneral la bò kote pal, soulinye jefò lap fè pou ede divès jèn gason ak jèn fanm sòti nan chomaj, e bay aksè pou pipiti ak yon pwofesyon. Li promèt yo, li pap fè bak e direksyon lekòl sila louvri pòt li byen laj ni lasemèn kou weekend pou tann popilasyon an. Pye kout pran devan!

Comments are closed.