Asosyasyon profesyonèl majistra (APM) yo mande pou grefye yo kontinye ak grèv la rèd mare

270

Pòtoprens____(TRiboLAND) Asosyasyon Profesyonè Majistra (APM) , atravè yon nòt ki pote sinyati prezidan APM nan, Jij Wando Sainvilier, deklare ke li apiye tèt kale mouvman Asosiyasyon Nasyonal Grefye Ayisyen (ANAG) ansanm ak Sendika Grefye Ayiti (SYGH) yo antreprann lan ki gen pou wè avèk revandikasyon pou yon mèyè kondisyon travay ak yon tchotcho anplis sou ti zèl aran yo abitye touche a.

APM di li byen regrèt pwomès ou protokòl akò 3 novanm 2017 ant ANAG/SYGH ak ministè Lajistis la pa arive respekte; sepandan, li ankouraje grefye yo kontinye yon parèy mouvman ak detèminasyon pandan ke l’ap envite minis Jistis la, Rockfeller Vincent degaje’l kon mèt janjak yon fason pou delpwòtonnen kriz la ki pa sispan paralyze fonksyonnman parèy jidisyè a.

Comments are closed.