Fondasyon TRiboLAND ateri nan Bèdeyènn, plis pase 100 jèn benefisye fòmasyon gratis

250
0
Share:
TRiboLAND

Bèdeyènn, Ayiti_____(TRiboLAND) Toujou nan sousi li pou montre nan ki nivo veleyite li pou chape mete jenès ayisyènn lan lwen yon seri pwatik nefas tankou : pwostitisyon, delengans jivenil, aktivite gang sangwen ak enfliyans ou eksplwatasyon politisyen krizokal, Fondasyon Triboland arive pote sèvis li bay jèn Bèdeyènn yo, jounen mèkredi 18 fevriye 2026 la nan Ba Nòwès.

Konsa, yo te plizyè dizèn jèn kon granmoun ki te pote boure, byen bonè maten nan espas Lise Philippe Champagne la. Kèk ti tan aprè yon selebrasyon yon mès ki tap chante toupre espas aprantisaj la, plis mounte pote boure pou boske konesans ak konpetans pwatik nan fabwikasyon pwodwi chimik elatriye, anba lobedyans fòmatè ou chimis John.

Se avèk anpil kontantman, patisipan yo tap aprann fè diven, mousè, savon likid, jèl kapilè, pafen, pomade ak spray cheve. Nivo satisfaksyon yo pat piti; anpil patisipan pat kapab asèpte kite espas la san fòmile temwanyàj ak remèsiman anvè Fondasyon TRiboLAND ak tout sa yo ki te volontye nan pote kole pou reyisit yon parèy aktivite nan moman kanaval 2026 la. Bravo Agwonòm Anny elatriye, anpil bèl akèy! Pa gen bouch pou pale!

Toujou nan sa ki genyen pou wè avèk Fondasyon TRiboLAND, travay ou sèvis kap delivre bay jènn yo atravè larepiblik, se yon sasèdòs ou yon ak patriyotik ki pa genyen anyen pou wè avèk fon ou donasyon politisyen, blan, misyon, dwòg, enstans òganizasyonèl, relijyez ou “mouvman kase men lòt malere pou ede lòt”. Se inikman efò finansyè Louis Louissaint, alyas Papa Loulou yon pitit Pòdpe, melanje ak efò volontye yon seri antite lokal ki fasilite livrezon sèvis yo nan diferan lokalite atravè peyi a.

Share:

Leave a reply