Gouvènman ayisyen an egzekite dèt anvè yon konpayi petwolye pou rekontinye ak travay yo nan chèf lye depatman Latibonit lan.

2,165


Gouvènman defakto Ariel Henry a, peye anviwon 3 milyon goud ak yon konpayi petwolye nan lide pou rebalanse ak travay netwayaj dren yo nan site endepandans lan.

06-19-2022
Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè plis pase 3 semèn depi travay netwayaj dren yo nan site endepadans lan te kanpe pou kòz ensòlvabilite anvè yon konpayi ke nou deside pa revele non li, finalman gouvènman moun tèt san cheve yo deside debloke anviwon 3 milyon goud pou, non sèlman egzkite dèt sila men tou, rebalanse ak seri netwajaj yo.

Li enpòtan pou konnen, sistèm kanalizasyon an bloke, se paske gen yon trè movèz itilizasyon kap fèt bò kote popilasyon an, ki pa sispan jete gwo chato fatra ki gen tout kalite briganday. Fenomèn sa a, lakòz gwo inondasyon nan site endepandans lan e menm pwovoke gwo epidemi.

Fas ak yon sityasyon fenomenal, gouvènman moun tèt san cheve yo deside, notamman Travo Piblik branch Latibonit, nan dat kap 20 jwen an, rebalanse ak netwayaj dren yo epi sistèm kanalizasyon an.

Aprè plis pase 3 semèn depi travay netwayaj dren ak kanal yo kanpe nan gonayiv, ta sanble gouvènman Ariel HENRY a debloke anviwon 3,000, 000 goud pou peye yon konpayi gaz yo te dwe epi achte gaz mete nan materyèl yo yon fason pou kontinye ak travay nan dren yo ak kanal yo ki chaje ak debri tankou, vye asyèt manje anbwate, zèb, boutèy plastik ak bèt mouri tout kalite.

Selon enfòmasyon ki disponib, demen lendi kap 20 jwen 2022 a, MTPTC ta dwe kòmanse ak travay yo. Se yon dosye nap kontinye swiv deprè.

Comments are closed.