Direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, fè evalyasyon izinn asfalt ak gravye yo nan komin Wozo.

01- 31 – 2025
Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou remanbre operasyonalizasyon izinn asfalt e gravye yo ke ansyen Prezidan Jovenel Moise te enstale nan komin Wozo a, Direksyon depatmantal Travo Piblik Grandans lan prosede ak yon prosesis evalyasyon ekipman sila yo ki chita ap gate e piye anba zak malonèt yon seri otorite lokal ki trè malfektè.
Direktè depatmantal Travo Piblik Grandans, enjenyè Kesnel Paris, pwofite nan kad sovtaj ekipman sila yok ap wouye sou pye, dispose plizyè ajan sekirite pou sekirize materyèl yo, yon fason pou anpeche atoufè kontinye dechèpiye yo pyès pa pyès.
Kanta konstriksyon lokal pou te loje pèsonèl administratif yo, direktè depatmantal Travo Piblik Grandans lan, bay garanti ke lap soumèt rapò a bay minis konsène a, yon fason pou kontinye ak pwojè a.







Triboland latortue panj
Helpful information. Fortunate me I found your site unintentionally, and I am stunned why this coincidence did not took place earlier! I bookmarked it.