Senlwidinò konnen anpil gro rafal van ak lapli ki manyen manm komin nan

1,455

Gwo lapli kap ak rafal van ki soufle sou depatman Nodwès la kose divès dega nan komin Senlwidinò yè vandredi 16 jwen an.

06-17-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Konsa plizyè kwen nan vil la inonde e volim ranblè ki soti nan basen vèsan yo mete rezidans yo nan plis mizè rere. Yonn nan pi gro dilèm yo se yon poto limyè rache e ki arive paralize tout trafik la jounen jodia nan Senlwidinò. Poto a suspandu alòske li genye yon transfòmatè anlè tèt li ki make danje.

Yon sitiyasyon konsa, te kreye gro panik. Malgre demach yon delegasyon Lameri tef è nan biwo EDH pou sekirize poto a, anyen pat janm mache. Senlwidinò se yon sèl ri ki fasilite aksè pou penetrasyon, poto a te reyèlman bloke tout sikilasyon an ki te mete do sektè transpò a atè.

Antouka, se te anpil bwàs pou responsab EDH yo te rive sou plas; jiska kòmansman aprèmidi 17 jwen an, poto elektrik la te kontinye ap kreye panik. Lameri te oblije ap fè mannèv e plase yon truck anba poto a pou li pat tonbe. Mezanmi, ki peyi nap fè!

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.