CUTRASPEH antre nan depatman Nòdwès la, pou defann dwa travayè yo

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Jodi mèkredi 27 dawout 2025 lan, “Centrale syndicale Cutraspeh” lanse ofisyèlman nan vil Pòdpe, nan Lise Tertullien Guilbaud a devan divès reprezantan lòt òganizasyon. Òganizasyon la pou defann dwa travayè yo, ak vwa dè san vwa yo nan sektè prive ak piblik la.
Pwofesè Josué Merilien ki nan tèt estrikti sila, raple CUTRASPEH se yon veritab boukliye pou defann sak pi fèb yo nan abi yap sibi. Estrikti sa ap bay moun sa yo akonpayman ki vizib ak pwomouvwa jistis sosyal.
Josué Merilien ki se pitit Ba Nòwès fini pou di, CUTRASPEH ap gen yon kòdinasyon nan depatman Nòdwès la kap la pou reponn demanyè rapid ak demand moun ki viktim yo.






