Senlwidinò: Selebrasyon mès aksyon degras chante nan okazyon 25 lane Radyo Sansation FM 88.1

1,379

08-22-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse semèn pase a. Vandredi 19 out la yon match amikal te òganize ant Radyo Sansasyon vs Radyo Tele Phoenix kite fini kat (4) bi patou.

Pou make 25 lane egzistans Radyo Sansasyon, yon mès aksyon degras chante nan legliz katedral Senlwi Wadefrans lan dimanch 21 out la. Aktivite sa a te reyalize nan prezans plisyè otorite lokal, ak popilasyon nòlwizyèn nan.

Reveran pè Pierre Robenson nan romeli sikonstans lan, mande pèp Bondye a pou yo mande lapè nan peyi a. Men si nap chèche l sèlman pou tèt pa nou, nou pap jwenn lapè sa. Li pwofi pou l di: 25 lane nan sèvi yon popilasyon, se pa bagay ki fasil.

Yon lòtbò pè Pierre Robenson ensiste sou entegrite ak dinite ki se senbòl metye jounalis la. “Se yon moun ki di laverite paske laverite a kapab ede w chanje popilasyon an, menmsi laverite a kapab mennen nan twou. Depi wap di laverite ou chanje ak edmi, men pa fayi ak misyon nou; ede sila yo ki pa konn sa yap fè yo. Pa enfliyanse ak espri fanatik pou nou pa bliye etik ak deontoloji pwofesyon an, jan yon seri medya nan peyi Dayiti”.

Pou fini pè Robenson mande jounalis yo pou enfòme popilasyon an nan kondisyon pou yo chèche lapè kolektiv pou avansman peyi a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.