Eske Rivyè Griz transfòme an san vrèman?

0 362

Pòtopwens___(TRiboLAND) Anpil moun ki abite bò zònn Rivyè Griz nan Depatman lwès la te alame yè apwè midi kite 6 Avwil 2020 lòske yo te obsève dlo rivyè a tap koule tou wouj.

Fenomènn sa te gentan bay anpil kè sere sou tout rezo sosyàl yo; jouda renmen sa, ki te deja fè de transfòmasyon sa yon evennman apokaliptik pat pran tan pou klerone e fè sikile nouvèl la. Dayè yon majistra zònn nan ki rele Yabout swa dizan yon moun ki avèti e lusid te konfime ke se san kap koule nan zònn pon Marasa ak pon Tabarre kote ke pou li menm ke se Letènèl ki vire bagay yo an Ayiti.

Ironi! Se te tou senpleman emonsyon kap aji lakay yon pèp ki pou ti krik ti krak moun dezoryante e fè yo kwè yon seri bagay ki pa ditou fè oken sans. Sa esplike: “Ti peyi, ti mès! Mezi edikasyon w, se mezi refleksyon w!

Konsa, moun ta pral dekouvwi ke se yon konpayi ki manifakture “ju” Tampico ki iresponsab, ki pa gen respè pou sante moun ou ki pa respekte anviwonnman avèk lalwa, te vèse yon kantite likid wouj nan rivyè Griz ki an aparans transfòme revyè an nan yon parèy eta.

Konsa, li enpòtan pou mande kote leta peyi a? Eske pwodwi sa pa yon menas pou moun nan zònn nan? Eske yo jete li se paske li anpwazone? Eske li pat deja lanse sou mache a ak tout pwazon an? Se tout yon seri kesyon yon leta ki responsab ta dwe reponn bay sitwayen ki tap viv dram ekolojik sa.

Leave A Reply