Dosye asasinay Jovenel Moise : pakè Pòtopwens lage manda pote vini dèyè plizyè lòt pèsonalite

958

08/03/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan kàd fè bwàs envèstigasyon sou zàk asasinay pwezidan Jovenel Moise la, komisè gouvènman Pòtopwens lan, Mèt Bed-Ford Claude pa sispan miltipliye “manda pote vini”.

Nan sans sa, komisè a mande Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) pou pote ba li plizyè pèsonalite nan sosyete ayisyèn nan pou vini reponn zàk akizasyon tankou: asasinay, tantativ asasinay, vòl ak men ame ki pandye sou tèt yo.

Pami pèsonalite sa yo ou jwenn: Liné Baltazar, Samir Handall, Pastè Gérald Bataille, Pastè Gérard Forge ak Paul Denis.

Comments are closed.