Komin Senlwidinò ap pran lanm nan lavi chè ak misère rere san presedan

2,916

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan tout peyi serye se leta ki gen kontwòl sektè komès la, men nan peyi Dayiti se machann detayan yo ki vann pwodwi yo nan pri yo vle, pa gen yon kontwòl sou sektè sa kap fini ak popilasyon an nan fè kapital sou yon sèl estòk. Pri pwodwi premye nesesite yo ap ogmante chak jou sou do popilasyon an ki pa genyen oken sous revni.

Jounen jodia, pri yon sak diri 5700 goud, yon ti dwoum lwil 6500 goud, yon sak farin 3100 goud, yon sak pwa 5250 goud, pou site sa yo sèlman. Nan moman ke nap pale la, se 2 sirèt ou kapab achte ak yon adoken pou yon timoun; ki kote lavi sa pwale? Otorite nan peyi a ap fè gaspiyaj, tout peyizan ki te konn travay nan seksyon yo, desann vin plen lavil akoz pwoblèm ensekirite sou tout fòm. Tè yo pa travay ensekirite alimantè ap taye banda, timoun ap mande nan tout ti kwen nan lari. Elas se tout bon vre, Ayiti efondre.

Yon leta responsab pou yon peyi pwodiktif, kapab vanse sou chemen lespwa ki chita sèlman sou respè ak dinite moun, pou bati yon sosyete tou nèf : se eslogan sa kap repete nan bouch tout moun nan kominote nòlwizyèn an.

Lavi chè sa tounen yon flewo nan dengonn mas defavorize yo. Pandan yon gwoup dirijan ou elu malpwòp ap fè fòtin yo nan kòripsyon ak piyaj nan sakèt leta.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.