Pòdpè/Ensidan: Bòs Jimmy Accius mouri, pandan li sot tonbe sou yon echafo

3,278

Mèkredi 15 jen 2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Movèz nouvèl pou popilasyon pòdpèzyèn nan, Bòs Jimmy Accius kite lakay li jodi mèkredi 15 jwen 2022 a, ak espwà li tap retounen rejwen pitit ak madanm li.

Elas nan chèche move lavi, Bòs Jimmy Accius, 38 lane, papa 5 timoun pèdi lavi-l, pandan li sot tonbe sou yon echafo maten an sou santye nan site Kapwà Lamò a.

Yon Ensidan ki rive nan ang Ri Geffrard ak Ri Stenio Vincent, pa twò lwen Radio Planèt FM. Daprè deklarasyon Jij Paul Blanc ki te prezan pou konsta legal yo deklare selon detay li arive jwenn nan men moun ki te sou plas yo. Bòs Jimmy sot tonbe aprè yon bwa ki nan echafo kase, sa pèmèt echafo a derape e Bòs la ki te anwo, degrenngole sot tonbe epi li mouri sou plas.

Selon kèk kritik ki te sou plas , yo te wè gen yon malè pandje nan travay konstwiksyon ki tap fèt la, paske echafo trè wo e li pat gen twòp supò pa anba.

Aprè konsta legal yo, Jij Paul Blanc te fè transpòte kò viktim lan nan mòg lopital Imakile konsepsyon. Chèche lavi, detwi lavi; ke nanm Bòs Jimmy repoze nan lapè etènèl!



Comments are closed.