Kwà Dèboukè: Yon enspektè divizyonè Gran Toryan mouri krible anba bal bandi sangwen

2,310

06-15-2022

Kwà Dèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Viktim pa sispan tonbe nan kan polis nasyonal la. Enspèktè divizyonè ki pote non Médard Robert, mouri krible anba bal bandi aprèmidi mèkredi 15 jwen 2022 a nan lokalite Dival, Kwà Dèboukè, depatman Lwès.

Dapwè yon ke moun kapab fè konfyans, Gran Toryan PNH la jwenn lanmò li nan moman yon group bandi sangwen tap tante fè yon anlèvman; konsa, otomatikman kriminèl yo te wè li dèyè volan machinn li, yo te krible li anba katouch e mouri sou plas.

Enspektè Médard kite fanmiy ak enstitisyon PNH enkonsolab. Li te yon otorite egzanplè e responsabilize sikilasyon nan Kwà Dèboukè. Ke nan li tounen yon pèsekisyon pou sa yo ki anlve lavi l.

Comments are closed.