Canal du Nord-Ouest pwomèt yo pral akonpanye peyizan yo nan komin senlwidinò.

173
0
Share:
TRiboLAND

   Sektè agrikòl la kont pou valorize komin senlwidinò si tout fwa nou tout pote kole.

02-22-23

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou remanbre sektè agrikòl la nan komin Senlwidinò, Canal du Nord-Ouest, ki genyen nan tèt li, yon natif nan komin sila, mande ak tout pitit Senlwidinò rejwenn yo, yon mannyè pou bay yon bourad ak peyizan nan zafè plante pye lamanjay.


Nan sans sa a, Canal du Nord-Ouest, anonse yo pral sèvi ak agronòm komin nan, yon mannyè pou bay fòmasyon ak divès peyizan kap travay latè. Dlo yo disponib, tè yo pa pakèt, daprè Canal la, se sèlman fòmasyon, zouti ak semans yo ki manke.

Pwomèt komin nan ka bay plis ke sa peyizan yo pwodui, Canal la fè konnen, sitou nan kilti marechè tankou : piman, pwa, mayi, tomat ak divès lòt danre, komin Senlwidinò kapab chanpyon nan sans sa a, si tout fwa yo jwenn yon bon jan kolaborasyon.     

 

                                         

Share:

Leave a reply