Charles Paulette pran gwo inisyativ pou netwaye Plas Katedral la, ak kreye posiblite pèmèt moun Pòdpè gade mondyal la

1,236

11-17-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) Depi plizyé jou Charles Paulette pran inisyativ pou netwaye Plas Katedral Pòdpè a, ak kreye posiblite pou pèmèt moun yo viv Mondyal 2022 a, kap òganize nan peyi Qatar. Plas Katedral Pòdpè a, ki te yon espas kote fatra te fè 2 pou 15, yon sitiyasyon ki te pèmèt moun pòdpè ap kouri lwen-l. Aprè yon antant ant Charles Paulette ak Lamèri Pòdpè pou jere ba ki sou Plas la, Paulette rann plas la vin aksesib pou tout moun vin pran lwazi. Plas la ki pou konnya gen kouran chak swa e byen pwòp vin trè frekante nan dènye jou sa yo.

Pou pèmèt fanatik foutbòl yo viv Mondyal 2022 a, kap òganize nan peyi Qatar. Charles Paulette mete 2 televizyon sou Plas la ak enstale kanal SAT, ki kòmanse limen nan lannwit 15 novanm lan. Yon inisyativ ki pèmèt anpil moun bat bwavo lakontantman pou Charles Paulette. Pòdpè se pou nou tout, nou dwe fè sa-n kapab pou rann li bèl, malgre li gen responsablite pou jere Plas la pou 5 lane, men se yon aktivite kap fèt pou bonè Pòdpè.

Daprè Charles Paulette, anviwon 40 Jenn fanm ak jenn gason pral jwenn posiblite pou travay nan ba ak sou Plas la, gen 4 moun ki la pou netwaye Plas la de manyè regilyè. Youn nan gwo difikilte Paulette di li genyen, se ajan BSAP yo ki loje sou Plas la, ki te jwenn aksè nan men responsab Lamèri yo, Malgre LaMèri mande yo kite espas la e gen yon delè de 72èd tan ki tap bout jounen mèkredi 16 novanm lan, yo di yo pap fè yon pa kita, yon pa nago. Nap raple sa fè yon bon bout tan, responsab nan piwo nivo Ministè Anviwonman te antre tout badj ajan BSAP yo nan peyi.

Comments are closed.