Somè Amerik yo : PM Ariel Henry akouche “fyasko diplomatik”

2,535

06-13-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Eske PM Ariel Henry genyen yon konseye diplomatik nan Primati? Plizyè endikatè prouve pandan Somè Amerik yo nan Lòsanjelòs nan Kalifòni, diplomasi ayisyèn nan te yon lòt fwà ankò an agoni; menm yon seri pwotokòl elemantè pat sanble orandevou. Jeneralman, se te fyasko sou fyasko! Ki montre yon lòt fwà ankò nan ki bafon degrengolaj peyi Dayiti tonbe.

Depi ayewopò Miami rive nan Lòsanjelòs, deriv yo te deja ap parèt tèt yo. Anviwonman ou manyè òdinè Anbasadè Edmond Bocchit te chwàzi pou akeyi yon dinyitè ki reprezante peyi Dayiti, te bay anpil lawouli ak maltèt; konsa, ou vinn konprann pou ki sa yon lòt diplomat etranje te estime yon lè ke Mesye Brochitt ta sanble pa reyini kalite rekiz yo ki fè prèv de konpetans an fòmasyon diplomatik.

Dayè, foto ki depik akèy ke Mesye Bocchit tap bay PM Ariel Henry a nan yon izolwà ou anviwonman òdinè pat montre akèy merite yon otorite nan dimansion yon chèf deta; se yon veritab kochma! Mete deyò yon parèy foto pou fè “buzz” nan montre “rive” ak “kalite akèy” diplomatik ki te rezève pou premye minis lan, denonse lejète ak karans protokolè.

An nou gade, kado ke PM Ariel Henry ofri prezidan Luis Abinader nan moman kontak yo. Nenpòt endividi ap arive konprann genyen yon bagay ki te reyèlman anòmal nan yon parèy pwosedi. Kado a, ki ta sanble yon tablo kèlkonk ou yon foto, sujere anpil deden ak mepri bò kote Luis Abinader ki pa janm rate ou kache rayisman visral ke li genyen kont Ayisyen. Petèt li te apiye sou vilnerabilite diplomasi ayisyen an ki pa metrize pwosedi ou protokòl yo lè li kesyon “ofri kado” nan nivo diplomasi. Chak fwa genyen kado kap bay ant diplomat, dwe genyen yon pre-avi ki pou defini modalite ak protokòl yo. Ta sanble pat menm genyen priz foto avèk yon parèy kado. Eske te genyen pre-avi ki te sujere “echanj kado”? Li parèt grosyè lè ou pa bay yon lòt diplomat chans pou fè echanj kado avèk ou kòm Eta. Se yon seri antant ki te dwe deja diskite ou planifye atravè antite ki chaje pou kowòdone Somè a pou chak pati.

Nan nivo somè a, se deriv kontinye! Repiblik dominikèn kale nou nan pye pou malfòme diplomatikman. Paske otorite ayisyèn yo tèlman genyen yon nivo mansonj nan ADN yo, yo te chwazi pibliye yon seri mansonj ki pat fè objè antretyen  ant prezidan Abinader a ak PM Ariel Henry nan moman Somè Amerik yo. Diplomasi repiblik dominikèn nan pat pran tan pou te kouri reponn pwen aprè pwen twit mansonj ke PM Henry te pibliye a. Kidonk, ou oblije ap mande kòman Ariel Henry pat arive pran swen pou pibliye yon parèy twit. Nan sans sa, si li te aprouve li, se reyèlman malonèt! E si li pat aprouve li, sa fè prèv anemi nan nivo leadership!

Nan sans sa, sevè sanksyon ta oblije pran kont sa yo ki ta sanble volontèman endwi PM nan yon seri erè diplomatik grav. Angro, li evidan ke diplomasi ayisyènn nan ap vagabonde avèk enkonpetans ou konseye diplomatik ki pat jamè konnen yon jounen lekòl an matyè diplomasi. Konseye diplomatik yo nan Primati, yo tout  ta dwe klase an “eta disponiblite” pou yon parèy “fyasko” entènasyonal. Kote ekip moun leta envesti nan yo ki te resevwa fòmasyon adekwàt nan nivo diplomatik yo? Ki sa ki fè gouvènman ayisyen ou Leta ayisyen toujou fè alèji ak kad ou konpetans? Pou ki sa bwàt diplomatik yo genyen  pa mal avèg diplomatik; moun ki pa genyen anyen pou wè avèk diplomasi? Genyen yon titanik diferans ant demachè ke yo depoze ki “pretann fè diplomasi” ak “fè diplomasi” ou “dote konpetans diplomatik”.

Manfouben tout kalite, lage nan anpil fyasko PM Ariel Henry pandan Somè Amerik yo nan Lòsanjelòs. Se ankò yon seri deriv diplomatik ki te kapab fasilman epanye; malerezman, nou plis kwè nan “fo sanblan” nan itilize tout sa ki medyòk ak fiksyon pou nou blofe ak fè mètdàm pou bay aparans “Le vrai du faux”. Yon lòt imilyasyon pou larepiblik, ki malezman kontinye ap patoje anba dirijan enkonpetans, medyòk e anbarasan ki pa genyen anyen pou ofri sinon ke demolisyon patriyotik, banditism, kòripsyon ak proliferasyon gang.

Comments are closed.