Responsab edikasyon yo nan Grandans fè bilan twa jou ekzamen ofisyèl 9èm Ane Fondamantal lan.

365
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal edikasyon Grandans lan, pwofèsè Georges Jean Barth, akonpaye Kòdonatè depatmantal fondamantal lan, pwofèsè Jean Ariel Jacinthe ak Enspektè Serge Juste fè bilan twa jou ekzamen ofisyèl Nevyèm Ane Fondamantal, pou ane akademik 2024 – 2025 lan.

Daprè direktè depatmantal Grandans lan, egzamen yo dewoule san gro ensidan majè; li ale pi lwen pou fè konpwann li konstate lakay kandida yo , yon enòm kontantman ak espwa yap reyisi epwèv yo pou ane eskolè 2024 – 2925 lan , malgré anpil nan elèv yo, te resevwa yon edikasyon o rabè. Kidonk, tibilans politik ak ensekirite tout plimay te fè objè tout yon pi ki “lock”, san konte mouvman grèv pwofèsè lekòl Leta yo.

Se te egalman yon okazyon pou responsab direksyon depatmantal edikasyon nasyonal, di mèsi ak tout aktè ki te enplike nan pwosesis sekirite ak disiplin ki te fasilite bon dewoulman ekzamen yo.

Share:

Leave a reply