Latibonit/Ensekirite : Yon pickup kidnape ak 20 pasajè nan zòn Pandi, komin Gwomòn

2,642

05-17-2022

Nan lanwit 16 pou rive 17 me 2022, vè minwi, bandi ki gen baz yo nan Pandu, yon lokalite komin Gwomòn ki nan Depatman Latibonit, kidnape yon pikòp ki fè trafik Wanament pou ale Pòdpè. Bandi yo arive lage inikman chofè a.

Selon depozisyon chofè a bay lapolis, machin nan tap transpòte anviwon 20 moun. Bandi yo ta kwaze pikop la nan zòn Kafou Tel, epi yo ale avèk tout pasajè yo, sof chofè a yo pa pran.

Lapolis kenbe chofè a nan gadavi sou lòd pakè Pòdpè akòz dispozisyon ki pran depi plizyè mwa pou machin pa vwayaje aprè 9è diswa sou wout la. Lapolis ap kesyone chofè a sou rezon ki fè l pran wout la a minwi epi se sel li menm ki pa arive kidnape.

Nap raple ke wout Pòdpè gen kèk mwa depi li pa anrejistre ka kidnapping. Lapolis prezan sou wout la e tout popilasyon Nòdwès la te komanse santi yon lòzèy sekirite avèk nouvo dispositif ki pran nan tout Depatman Nòdwès la ak nouvo Direksyon depatmantal polis la ki detèmine pou eradike e retabli konplètman lapè nan rejyon an.

Comments are closed.