Mòl Sen-Nikola: Yon katèl kazèk plede anfavè bon jan Enfrastrikti woutyè.

2,633

Katèl kazèk premyè seksyon Kot-Fè, komin Mòl Sen-Nikola mande ak rès gouvènman moun san cheve yo, rezoud pwoblèm enfrastrikti woutyè a.

06-14-2022

Mòl Sen-Nikola, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde TRiboLAND, 2 manm nan Konsèy Administrasyon Seksyon kominal Kod-Fè a: Merissaint Eldinord, Kazèk Bonbadopolis, Plenn Doranj ak Madam Forgue Joanna, kodonatris Kazèk Kod-Fè, Mòl Sen-Nikola, fè konnen abitan yo nan komin yo ap monte yon maswife akòz problèm enfrakstrikti woutyè ki mete rejyon an ajenou.

Nan sans sa a, Madam Forgue Joanna lonje dwèt jouda l byen long sou enjenyè Patrick ak direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la, msye Joseph Angélot Horacius, pou mande yo ki sa yo regle ak kantite siman, mete sou lòt materyo prezidan asasinen an te kite yo? Li kontinye pou l mande ak ekip sa a, travay wout pou te sòti Mòl Sen-Nikola pase Kod-Fè, Marouj pou al bout nan komin Jan-Rabèl san konte wout Answouj la, ki kote travay sa yo pase?

Yon lòt bò, kòdonatè kazèk Bonbadopolis la, Merissaint Eldinord, fè konnen aprè lanmò prezidan asasinen an, msye Jovenel Moïse, ekip ki la a, te kontinye ap fè yo filalang lè yo fè konnen yo pral acheve twonson wout Mòn Chen an san konte divès lòt twonson.

Pwomès ap miltipliye, pwoblèm ap ogmante, popilasyon an menm ap dodo meya ak naje nan lamizè; pèsonn pa konnen ki kote kantite siman ak kòb kite disponib pou rezoud pwoblèm twonson wout ba nòdwès yo ye.

Konsèy Administrasyon Kod-Fè a ki pat deside rete bwa kwaze oblije lanse yon “leve defon” nan lide pou amelyore kèlke kilomèt wout tè bati pou soulaje mizè rere popilasyon Mòl Sen-Nikola a.

Pandan ke yap grate tè nan prete materyèl nan men lamèri, responsab yo mande ak direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la, vin founi popilasyon an eksplikasyon konsènan materyo ak materyèl kite disponib pou wout la.

Genson Hyppolite, TRiboLAND

Comments are closed.