Fenomèn konfli teryen nan Nòdwès mete abitan yo dozado

2,436

07-12-2022

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, abitan kap viv nan depatman Nòdwès la pa sispann sibi gwo menas ak zak derespektan akòz gwo zouzoun ki mare sosis yo ak raketè nan Jistis la (komisè,Jij) pou pèsekite peyizan yo.

Pou kòdonatris Konsèy administrasyon seksyon kominal Kot Defè a ki sou komin Molsenikola, Madam Forgue Joanna; fenomèn konfli teryen an, swa pwoblèm lizyè, swa kont gwo chabrak; pa janm sispann mete gro dezinyon nan mitan abitan yo; se konsa, Madanm Forgue toujou trouve li nan sitiyasyon pou ale sou teren pou ap rezoud yon seri konfli.

Plede anfavè yon Jij Depè nan seksyon lap dirije a, Madam Forgue Joanna mande ak rès gouvènman moun tèt san cheve yo aji vit yon mannyè pou evite yon masak basen san nan mitan peyizan yo.

Yon lòt bò, anndan site Kapwa Lamò a, problem tèryen ap miltipliye e bay anpil kè sere. Lè se pa Notè, se Apantè; lè se pa komisè se Jij, ki nan kòkòday ak gwo chabrak pou depeyize, dechèpiye, epi lage gwo divizyon nan mitan rezidan yo nan sa ki gen pou wè avèk posesyon teren.

Nan sans sa a, deklarasyon la fanmiy Odamise Elizor pa parèt diferan devan mikro korespondan Triboland yo, lè yo fè konnen yo gen plis pase 34 lane yap jwi yon teren nan Polen/Lakòn, komisè gouvènman an mete ak oligat kowonpi nan depatman an ap pèsekite yo e pèmèt yo paka viv pèzibleman.

Plede anfavè yon Jistis ekitab, fanmiy lan mande ak minis Jistis la Berto Dorcé, pèmèt chak Apantè, Notè, rete nan limit tèritwa yo, konsa yo menm kòm abitan ya sispann rale yon souf anba men kriminèl san fwa ni lwa ki refize respekte moso tè abitan.

Comments are closed.