Travay enfrastrikti woutyè kap miltipliye ant wout Basen-Ble pou rive Pòdpè reyèlman ap vale teren

283

09\13\2020

Pòdpè, Ti Fon_____(TRiboLAND) Travay ou konstriksyon woutyè nan depatman Nòdwès près ke paralyze trafik ki egziste depi soti nan antre Site Kapwa Lamò a rive prèske nan komen Basen-Ble.

Travay sa yo ki genyen yon anplè ki tèt koupe ak yon mache prese pou trò ta pa bare, eksprime detèminasyon gouvènman Jovenel Moise la pou materialize yon prèlyèm nan promès wout Kafou Jòf – Ansafolè a.

Anfen, se lajounen kon lanwit gwo kontenjan aparèy tout kalite vire, kase, tapise ak aplani yon swa dizan wout ki konstitye yon wont nasyonal kronik pou Nòdwès. Antouka, selon enfòmasyon yo, ta sanble kout zo sa pou arive kòmans tronson wout Pòdpè pou rive Andro, zòn natal Premyè Dàm nan, Martine Moise; plis tronson wout ki kòmanse sou Andro pou kandale desan nan Komen Basen-Ble pral pèmèt Nòdwès peze kè toujou.

Pou anpil moun, Jovenel ta soti pou etale volonte li fas ak kèk promès kanpay li te fè pasi pala. Kidonk, Kòmanse nan lokalite Mònn Dorima anba zèsèl Pòdpè pou rive Wòch Kontre, se yon veritab chantye ki pa rete avèk chantye. Ajoute ak sa, yon lòt krèy aktivite prèske paralyze trafik la ak divès aparèy kap simaye goudron pou lavi woule dous pouse do la mizè move wout.

Si anplè travay yo ap kontinye nan nivo san pran souf yo trouve yo la, se sèten Jovenel pap ka gade Nodwès nan je, men li pap ka ni bese tèt li non pli!

Comments are closed.