Nòdwès – PNH : Yon pleyàd aktivite prevwa nan okazyon 27e anivèsè PNH la.

2,546

06-12-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pou selebre 27e anivèsè li, Polis Nasyonal branch Nòdwès la asiste maten jodi dimanch 12 jwen 2022 a, yon mès seremonyèl ki te prevwa òganize nan Katedral Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè nan kad onore travay fòs lòd sekirite yo nan depatman Nòdwès.

Yon mès ki te nesesite entèvansyon Pè selebran an Fechetner ki tap kesyone detèminasyon PNH la nan founi sèvis ki gen pou wè tout bob vre ak proteje e sèvi popilasyon an. Li pale egalman de po fig ou zatrap zòt toujou mete anba pye frè ak sè yo nan yon seri enstitisyon; sa yo se ipokrizi ki ale kont sa ki ta dwe rele sinèji ant tout moun pou fasilite akonplisman travay la nan lanmou.

Akote mès seremonyèl ki chante maten an nan site Kapwà Lamò a, responsab enstitisyon PNH la figire egalman plizyè lòt program pandan jounen an: entèaksyon ant otorite polisyè a avèk sosyete sivil la, entèvansyon ak diferan medya sou wòl kominotè PNH la fas ak popilasyon an e yon sware Gala kap komanse 7 è nan aswè nan otèl Breeze Marina Boden, 1e seksyon sou komin Pòdpè.

Pou rann sware sa posib, direksyon an konte sou prezans fanmi ak zanmi polisye yo, polisye ki deja nan pansyon yo, san konte ansyen polisye ak anplwaye ki te bay tout nanm ak kouraj yo pou enstitisyon sa kapab toujou rete kanpe.



Comments are closed.