Senlwidinò leve ak etrèn maten an; piskèt gaye nan tout ra kwen komin nan

1,326

09-19-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Maten an komin Senlwidinò leve ak anpil piskèt nan bouchi Rivyèdèba. Se pa yon bèt yo jwenn fasil nan lanmè. Se poutèk sa, tout moun pwofite okazyon an pou al kenbe yon kantite pou yo manje paske se pa yon bèt moun wè souvan.

Piskèt la fè kenken nan komin, se yon veritab lamann kap layite nan bouchi rivyè a. Espès sa, li idantifye kòm yon ti pwason bebe ki grosè 3 ti grenn diri key o kenbe nan file oubyen paswa.

Selon pawòl jouda, se ta labalèn ki pwodwi yo, men se chak sensilvès. Moun yo konn manje l nan sòs epi kriye. Yo konn seche l tou pou konsève menmjan ak tout lòt pwason yo. Pa genyen tankou, yon sòs piskèt ak lamveritab oubyen ak diri blan, se dyòl Loulou pou moun Nòdwès.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.