Pa gen reyèlman yon lòt dat ofisyèl pou redemaraj aktivite eskolè yo

0 562

Vandredi 22 Novanm 2019

Pòtopwens___(TRiboLAND) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) voye jete byen lwen yon seri alegasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo ki fè eta de yon nouvo kalandriye pou repwiz akyivite eskolè yo kap kòmanse 2 Desanm pwochen.

Dapwè responsab MENFP yo, se vre genyen yon seri ti chita tande kap fèt sou redresaj kalandriye eskolè-a; sepandan, youn petèt kapab demare nan kòmansman mwa desanm lan e yon lòt nan mwa janvye a; yon seri pwojè ke yo poko valide selon yon kominike ke ministè-a mete deyò jedi 21 novanm 2019 la.

Responsab MENFP yo garanti kominote edikatif la sou nenpòt desizyon evantyèl; yo pap manke pa kominike yon nòt ofisyèl bay piblik la.

Leave A Reply