Final ant ekip Akayè avèk Viyolèt tounen an cowboy: 2 moun mouri, plizye blese ak 2 machin pran dife

231

01/01/21

Akayè______(TRiboLAND) Nan yon match final-retou pou seri ouvèti Chanpyona Ayisyen premye divizyon pou Football pwofesyonèl la, deblozaj pete ant ekip Akayè a avèk ekip Viyolèt AC., sou Pak Sen Yves jodi dimanch 10 janvye 2021 an.

Antouka, pou anpil moun deblozaj yo te deja prekonize aprè gro lòbèy ki te eklate ant 2 ekip yo nan dènye rankont yo ki te fèt nan Ranch Kwadèboukè a, ki fini avèk yon skò 2-1 anfavè Viyolèt AC.

Yon lòt akrochay deklentche ankò nan moman jwèt mate boul la jodi dimanch pandan rankont la. Konsa, selon kèk jounalis ki te sou plas, lapli kout wòch ak kout boutèy pat pran tan pou kreye gro panik detrès ak sove chape poul. Yon rafàl kout zàm chante sou teren an, apre deblosaj ant 2 jwè.

Konsa, 2 moun arive mouri; pami yo genyen youn ki pran yon bàl nan tèt ak yon latriye lòt ki blese. Enfòmasyon yo konfime, yon jounalis blese anba kout wòch san konte yon otobis Radyo Ginen ki te resevwa anpil kout wòch.

Sikilasyon an te konplètman bloke nan Akayè; anwo pa moute, anba pa desann ak barikad; 2 machin pwive responsab Viyolèt ensandye e kankannen tèt nèg.

Comments are closed.