Anpil senatè ak depite Nòdwès peyi a, riske fè pati prochen lis sanksyone Kanada yo.

1,342

03-08-2023

Yon sous vonvon ki fyàb e kredib, ta konfime plizyè senatè ak depite nan Nòdwès peyi a pral fè pati lis sanksyone peyi Kanada a.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Antouka, annafè pa dòmi di! Yon sous ki kredib konfime bay TRiboLAND ke prochen lis sanksyon Kanada yo ap plis genyen pou wè avèk senatè ak depite depatman Nòdwès peyi a, patikilyèman say o ki tap patoje nan enpidisite ou kòripsyon tout kalite.

Selon menm sou sila, ki vle rete nan anonima, ta sanble genyen youn pami kòriptè sa yo kap negosye, tankou anpil fè li nan klas boujwa a deja. Yo fè konpromi (kolaborasyon) nan denonse lòt moun ki enplike nan malvèsasyon tout kalite.

Enfo yo fè konprann, kantite dega finansyè senatè, ou ansyen senatè e depite Nòdwès koze peyi a, se bagay enkwayab. Nouvo epizòd sanksyone yo pral chita plis sou antite nan depatman Nòdwès la, ki nan vòlè tè, detounman lajan leta, piyaj sakèt leta ou bwàt diplomatik, dwòg ak abi otorite e latriye.

Comments are closed.