Komin Pòdpè: Jerry Tardieu fè vant sinyati liv ki gen pou tit “Une dernière bataille pour la Constitution”.

863

Atravè vant sinyati sila, gen yon kozri ant ansyen depite ou otè liv “Une dernière bataille pour la Constitution”, Jerry Tardieu, ak ansyen PM Enex Jean Charles

07-28-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyè dizèn jèn rasanble nan Inivèsite Valparezo ki trouve-l nan vil Pòdpè, pou vant sinyati liv ansyen depite Jerry Tardieu, ki chita sou dènye batay ki dwe fèt pou chanje Konstitisyon peyi a. Anndan vant sinyati sila, gen yon gwo deba kontradiktwa ant ansyen depite a, Jerry Tardieu ak ansyen Premye Minis Enex Jean Charles.

Deba sa chita ant sa Jerry wè ki dwe chanje, ak pozisyon ansyen PM Jean Charles ki rete kwè se pa nesesè pou mande chanje yon Manman Lwa ke nou poko menm aplike.

Anndan deba a, ansyen depite a akse sou pledwari ki dwe fèt sou zafè konsidere prezidan tankou yon minè, alòske an reyalite se prezidan ki ta dwe egzanp nan tout sa lap fè, e lè-l dewoute li ta dwe pran sanksyon ki pi sevè a. Li kontinye pou gade konsèy minisipal yo ki gen 3 manm, divès fwa ki fini an ke pwason pandan se komin lan ki veritab pèdan. Li ta pi bon pou gen yon sèl majistra, ki kapab fasilite asanble kominal kap pèmèt tout seksyon kominal yo patisipe. Konsa, majistra a pap kapab sèl kòk chante nan komin lan.

Li fini pou di, nou pa gen 2 peyi menmsi gen anpil ayisyen kap viv nan divès peyi nan monn lan, moun sa yo toujou rete ayisyen paske nan peyi kote yo ye yo, yo plis konsome bagay ayisyen yo. Konstitisyon an pa dwe ekskli oken ayisyen kèlkeswa kote yo ye.



Comments are closed.