Jounen zwazo migratwà: Nòdwès responsab disparisyon yon latriye espès ònitolojik; nan yon espas 40 lane.

524

05/09/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan okazyon “jounen zwazo migratè” jodi dimanch 2021 an, se yon opòtunite pou tout pitit Nòdwès Dayiti fè yon retwospeksyon sou sistèm ekoloji nou ki totalman disparèt. Se malere depatman an pa dote de yon baz done ònitolojik ki te kapab ede konpran dega ke popilasyon an kreye nan yon peryòd 40 lane.

Sepandan, moun ki genyen yon ide an matyè ònitologi kapab genyen kè kase fas ak konsta reyèl disparisyon yon seri espès ònitolojik ki te egziste non sèlman atravè peyi men nan Nòdwès sitou ki te konnen resevwa vizit yon seri swazo migratwà, patikilyèman nan letan Karenaj, ki jodi a transfòme an vilaj. Ta sanble selon kèk sous ki pa ofisyèl, zòn marekajez sa, ki te yon espas pou moun peche, yon ekosistèm mangrove pou yon seri espès migratwà (flanman woz, kana sovaj, zwa, jako, tòti, pwason…)  yon peyizaj ki pa genyen anyen pou anvye yon seri peyizaj òganik atravè karaib la; konplètman detwi e disparèt tankou lafumen anba aktivite imèn, konstriksyon tout kalite, abita pou plis ke yon 3 mil moun.

Bèl flanman flamengo vole soti jis nan Eta Florid pou eksplwàte yon enkwayàb biodivèsite, se te yon Nòdwès reveye e avèti nan nivo pwezèvasyon resous natirèl yo nan yon epòk byen detèmine.

Se malere gen anpil zwazo oubyen flamengo jenerasyon sa a pa konnen, pou nou pa di tako, jako, pipirit, kolibwi ak sèpantye; menm jan tou, yo pa konnen egzistans Letan Karenaj ki te nan Gri Gri; letan Sè Toma ki te nan “Ze Triye Fanm”, ki koulya tou transfòme an vilaj peple.

Chilean Flamingos in Tumbes

Se tris nou pa genyen Letan nan Chalè a ankò, Karenaj ak Sè Toma you tout disparèt e ki sa ki ranplase yo: se gwo konstriksyon kay an blòk ki bati anlè nap dlo. San nou pa menm bezwen pale de plaj ke moun tèt pa dwàt nan leta van etranje pou fè konstriksyon.

Repiblik Dominiken genyen plizyè gwo pwojè ki egzije gwo magogo lajan pou pewzève ak amelyore ekosistèm peyi panyòl la. Tout biodivèsite sa yo ki disparèt la te genyen forè mangrove ki te la pou pwoteje kot ou litoral yo. Se te yon rich abita pou pwason, tòti, zwazo ak divès lòt espès. Sa te regle ekonomikman afè kominote riral yo sitou nan domèn lapèch.  Mangrove la te konstitye yon filtè ki te anpeche polusyon akwatik. Kidonk, se te yon sistèm defans ki te kapab konsève kabòn ak jenere mèyè kalite dlo. Yon seri gwo òganizasyon nan nivo sosyete sivil nan peyi panyòl, pa sispan plante mangrove nan diferan zòn kotyè peyi yo yon fason pou konbat erozyon,  tanpèt, ak inondasyon.

Jounen zwazo migratwà sa a ta dwe fè nou tout pran konsyans nan ki eta nou lage ekoloji peyi a nan koupe pye bwa. Savan yo di: disparisyon zwazo avèk ensèk e pye bwà ta sanble se pwemye siy ki montre disparisyon yon peyi. Sa ki pi rèd! Nòdwès genyen yon direksyon agwikilti ak anviwonman fantòm kap fè demagoji ak touche lajan kontribiyàb yo chak mwà nan chante “A la peyi dous”.

Comments are closed.