JOHN-BILLY KISE YON REVOLISYONÈ NAN KATYE RABOTO PREZANTE BAY LAPRÈS YON ZAM LI SEZI NAN MEN YON KIDNAPÈ, LI TOU PWOFITE FELISITE KOMISÈ MUSCADIN.

2,369

06-07-2022

Nan kad yon konferans pou laprès jounen dimanch 05 jen 2022 a, John-Billy kise yon revolisyonè nan katye Raboto nan vil Gonayiv prezante bay jounalis yo yon zam li rive sezi nan men Steevenson ki tap tante fè bwakay sou yon sitwayen, kote malfwa a rive kidnape Rolf Woodjerry, yon timoun 2 lane paran li ta deja bay sòm lajan bay ravisè yo pou liberasyon.

Yon lòt kote, revolisyonè a felisite travay lapolis nasyonal ap fè pou etabli sekirite nan peyi a, padan setan li voye yon gwo kout chapo pou komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan, Muscadin ke li estime ki pa nan bay bandi tete. John-Billy ale pilwen pou’l di ke revolisyonè yo nan Raboto pa genyen okenn pwoblèm ak fòs lòd yo.

✍🏻: GEORGES Abel

Comments are closed.