Fòs Rezistans Grandans (FORGA) plede anfavè yon deplwaman fòs etranje pou tabli sekirite nan peyi a.

756

03-06-2023

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Fas a kriz milti dimansyonèl ki genyen nan peyi a anpati nan Jeremi, Fòs Rezistans Grandans (FORGA) plede anfavè yon fos etranje pou akonpaye fòs polis la retabli lòd nan peyi a, pi pwesizeman nan Jeremi, kote ke depi yon bon bout tan fòs fè nwa you ap mete dlo nan je pitit tè a.

Kidnapping, bwakaj,vyol , vòl men ame ap fèt sou sitwayènn ak sitoyen pèzib yo.

Kòdonatè mouvman an ki se Délice Jean Mario te pwofite mikro TRiboLAND pou poze pwoblèm mizè nwa sa a ki genyen nan Jeremi pou premye fwa nan listwa li.

E finalman, Délice rabat pou li mande chèf gouvenman an, Doktè Ariel Henry mete peyi a nan kondisyon sekirite pou òganize bon jan eleksyon.



Comments are closed.