Meksik: asasinay yon kandida pou eleksyon munisipal yo

479

06/05/2021

Cazones de Herrera, Eta Veracruz______(TRiboLAND) Yon kandida nan eleksyon munisipal yo nan Eta Veracruz nan zòn Ès peyi Meksik asasinen anba bal nan lanwit vandredi 4 jwen pou rive samdi 5 jwen 2021 an, swa 2 jou avan eleksyon, dapwè sa ke pati politik ke li tap milite ladanl lan anonse.

“Nou kondane ak tout fòs nou asasinaj malpou wont René Tovar a, kandida pou majistra Cazones de Herrera”, dapwè yon tweet Clemente Castañeda, kowòdinatè nasyonal pou Mouvman sitwàyen (goch), kap mande pou gouvènman an garanti lavi ak sekirite Meksiken yo pou yon parèy eleksyon yo”.

Dapwè sa yon sous nan gouvènman lokal la endike AFP, René Tovar te lakay li lè yon gwoup enkoni “atake’l e tire sou li pandan plizyè fwà”. Kandida Tovar mouri nan mitan wout, nan moman yo tap miltipliye manèv pou transfere’l lopital, dapwè pwesizyon sous la.

Gouvènman Eta Veracruz la, menm avan dràm nan te deja anonse nan jounen vandredi a, deplwàman kèk 5,200 sòlda batayè sekiritè an pweparasyon eleksyon demen dimanch 6 jwen 2021 an, kote ke plis pase 95 milyon elektè meksiken pwàl vote pou eli alafwa 20,000 responsàb lokal, 15 pami 32 gouvènè atravè peyi meksik ak 500 depite pou renouvèlman Chanm lan.

Tout otan jou eleksyon ap rapwoche, se tout otan zak asasinay pa sispan miltipliye. Dapwè kabinè konsèy Etellekt, 35 pami 89 figi politik ki asasine depi mwa septanm dènye a te kandida.

Comments are closed.