Finalman Mèri Sasèl deside bloke konsè ansyen chèf deta ayisyen an.

2,806

Sasèl, Lafwans_____(TRiboLAND) Depi plis pase yon kenz jou, dyaspora ayisyen kap viv nan peyi Lafwans ak divès lòt peyi, te mete an sikilasyon yon petisyon ankouraje munisipalite vil Sasèl la, pou entèdi konsè ansyen chèf leta briganday ayisyen an ou bandi legal, Michel Joseph Martelly.

Kòm repons ak petisyon sila , majistra Sasèl la fè konnen aprè li te fin rankontre divès Prefè ak otorite manm konsè a, ki dapwè yo menm pa an mezi pou kontrekare kantite dezòd nan ki te ka fèt nan espektak la, deside finalman nan yon Arete Mèri a fè sòti, bloke espektak chantè devègonde Sweet Micky a.

Pou majistra Sasèl la, mezi sa a pran nan lide pou kontrekare moun kap vin desann ak denigre valè fanm e fè pwopagann pou zak vyòl.

Comments are closed.