2 Ti lèzanj mouri nan yon sitiyasyon inesplikab nan vil Pòdpè

260

Pòdpè____(TRiboLAND) Jounen mèkredi 12 dawou 2020 an byen bonè nan maten yo ta pral sòti sou kadav yon manman ak 2 pitit nan ri chalmay peral.

Daprè enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi nan men fanmiy viktim yo ,de timoun ki mouri se “Yvenaïcka Guerlie Exantus ” 9 lane, “Yves Ansen Exantus” 5 lane epi manman an ki trè grav trouve li ap pran swen nan lopital Imakile Konsepsyon.

Yon lòt bò, Jackson Exantus tonton defen yo lonje dwèt malfektè sou konpayi telefonik yo, notaman Digicel ki ta lakòz li pèdi plizyè apèl papa timoun yo yon mannyè pou li te ale bay fanmiy lan asistans.

Yon ensidan pèsòn poko detèmine orijin li. Nap raple jij depè A.I tribinal Pòdpè a te sou plas pou konsta legal kadav ti nosan yo ki te oblije transpòte yo nan mòg. Selon sa Jij Blanc rapòte nan moman egzekisyon prosè vèbal la, ta sanble moun yo tap manje yon diri, e te genyen anpil vromi e yon chodyè mayi ki te sou dife nan espas la.


Genson HYPPOLITE

Comments are closed.